Edikasyon se pi gwo motè pou yon sosyete evolye, goumen kont diskriminasyon, mizè, eksklizyon… Edikasyon se baz pou konstwi sosyete, devlopman dirab ak kwasans ekonomik. Nan Fondation Odette Roy Fombrun nou konsyan sitiyasyon difisil peyi dAyiti, se pou sa nap batay pou tout timoun, tout jèn nan tout rakwen peyi a, jwenn bon jan kalte ledikasyon. Nan mwa janvye a nou te mete sou pye yon semèn aktivite piblik kote nou resevwa divès pwofesyonèl nan domèn ledikasyon ak lapè, fè atelye, travay ak elèv ak pwofesè lekol. Minis ledikasyon ak fòmasyon pwofesyonèl la, Nesmy Manigat, te louvri semen la bò kote direktris egzekitif fondasyon an, Marie-Francoise Gonzales. Nan sal Espas Konbit FORF, nou resevwa 180 elèv, 10 pwofesè, direktè lekòl yo ak plis pase 70 moun ki patisipe sou zoom. Nou voye yon gwo kout chapo pou 8 entèvenan yo ki te mete tèt yo disponib pou pataje mòso konesans. Sitiyasyon malouk peyi a fòse nou repwograme atelye sou lang siy, atelye sou penti ak atik sou enpòtans fòmasyon pwofesyonèl nan sosyete nou pou mwa fevriye. Yap fèt kan mèm. FORF mande tout aktè dirèk ak endirèk ledikasyon mete tèt yo ansanm pou yo kreye yon anviwònman k ap pèmèt bon jan ledikasyon, modèn, inovan, enklizif ak ekitab epi mete yon aksan patikilye sou ledikasyon espesyal. Fòk popilasyon an gen aksè ak opòtinite devlope konpetans yo, vin otonòm pou yo kontribiye nan devlopman dirab.