Sezisman sou sezisman

Ti Dàn ak Mèsilya rete andeyò. Men tout rèv yo se vizite Pòtoprens. Se konsa yon bon jou, Tonton Tifa mennen yo Pòtoprens pou kanaval sou Channmas. Se pa ti sezisman ki t ap tann timoun yo. Moun ! Pakèt machin ! Madigra maske ! Gwo bèl cha ak bèl rèn ! Òkès k ap voye mizik monte! Ti Dàn ak Mèsilya sitèlman pèdi nan anbyans lan, yo pa wè kote Tonton Tifa fè.

Timoun yo gen gwo kè kase, laperèz pran yo. Mezanmi, kijan Mèsilya ak Ti Dàn pral fè jwenn Tonton Tifa ?

Yon jounen ki te si byen komanse ?

Avis

Il n’y a pas encore d’avis.

Soyez le premier à laisser votre avis sur “Sezisman sou sezisman”

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *